Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.
Jenèz 48:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè. 1998 Haïtienne Jozèf wete timoun yo sou jenou Izrayèl, epi li bese tèt li jouk atè devan papa l. |
Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.
Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.
Men li menm te pran devan yo. Li te bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.
Alò, Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin bese ba devan li avèk figi yo atè.
Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.”
Joseph te pran yo toude, Ephraïm nan men dwat li vè bò goch Israël, e nan men goch li, Manassé vè bò dwat Israël. Konsa, li te mennen yo toupre li.
Konsa, Bath-Schéba te ale kote Wa Salomon pou pale avèk li pou Adonija. Epi wa a te leve pou rankontre li. Li te bese devan l, e te chita sou twòn li an. Li te fè yo ranje yon twòn pou manman a wa a, e li te chita bò kote men dwat li.
Alò, fanm nan te antre anndan; li te tonbe nan pye li e li te bese li menm jis atè. Epi li te pran fis li, e te sòti.
Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
“‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.