Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 42:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò, Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin bese ba devan li avèk figi yo atè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l moun te konn sòti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l bonjou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 42:6
19 Referans Kwoze  

Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.


Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.


Men li menm te pran devan yo. Li te bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.


Li te fè l monte nan dezyèm cha li a, epi li te pwoklame devan li: “Mete ajenou!” Epi li te plase li sou tout peyi Égypte la.


Epi sèt ane gwo grangou a te kòmanse, jis jan ke Joseph te di. Alò te vin gen gwo grangou nan tout peyi yo, men nan peyi Égypte la te gen pen.


Pèp yo de tout peyi te vini an Égypte pou achte sereyal Joseph yo, akoz gwo grangou a te rèd sou tout tè a.


Lè Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e yo te tonbe atè devan li.


Yo te pale li, e yo te di li konsa: “Joseph toujou vivan! Vrèman, li se Gouvènè tout peyi Égypte la!” Men kè Jacob te febli. Li pa t kwè yo.


“Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.


Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè.


Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la; men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.


Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.


e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.


Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.


Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite