Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Pwovèb 31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:

2 “O fis mwen an! O fis a vant mwen an! O fis a ve mwen yo!

3 Pa bay fòs ou a fanm, ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.

4 Se pa pou wa yo, O Lemuel, se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,

5 Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la, e tòde dwa a sila ki aflije yo.

6 Bay bwason fò a sila k ap peri a, ak diven a sila ki gen lavi anmè a.

7 Kite li bwè pou bliye mizè li e pa sonje pwoblèm li ankò.

8 Ouvri bouch ou pou bèbè a; pou dwa yo a tout sila ki san sekou.

9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati, e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”

10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li? Paske valè li depase bijou.

11 Kè a mari li mete konfyans nan li e li p ap manke reyisi.

12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal pandan tout jou lavi li.

13 Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.

14 Li tankou bato komès; li mennen manje li soti byen lwen.

15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou bay manje a tout lakay li, ak yon pòsyon pou sèvant li yo.

16 Li konsidere yon chan e achte li. Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.

17 Li mare senti l ak gwo fòs pou fè bra li vin fò.

18 Li santi ke siksè li bon; lanp li pa janm etenn lannwit.

19 Li lonje men l vè aparèy tise a e men l kenbe l.

20 Li lonje men l vè pòv yo avèk sila ki gen bezwen an.

21 Lakay li pa fè krent pou lanèj, paske tout lakay abiye an wouj.

22 Li fè kouvèti pou tèt li; tout vètman li se twal fen blan ak mov.

23 Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo, lè l chita pami ansyen a peyi yo.

24 Li fè vètman an len pou vann yo, e founi sentiwon a tout komèsan yo.

25 Fòs ak respè se abiman li e li souri a lavni.

26 Li ouvri bouch li avèk sajès e enstriksyon ladousè sou lang li.

27 Li gade byen tout afè lakay li e li pa manje pen laparès.

28 Pitit li yo leve e beni li; mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:

29 “Anpil fi te fè byen bon; men ou pi bon anpil pase yo tout.”

30 Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.

31 Ba li sa ke men l te pwodwi, epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite