Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 19:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 De zanj Bondye yo rive Sodòm nan aswè. Lòt te chita bò pòtay lavil la. Wè li wè yo, li leve, l'al kontre yo. Li bese tèt li jouk atè pou l di yo bonjou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 19:1
15 Referans Kwoze  

Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.


Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.


Alò, mesye yo te leve la e yo te gade pi ba vè Sodome; epi Abraham t ap mache avèk yo pou voye yo ale.


Alò, mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a.


Men mesye yo nan kay la te lonje men yo rale Lot anndan avèk yo, e yo te fèmen pòt la.


Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou, pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.”


Konsa, Abraham te bese devan pèp peyi a.


Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè.


Lè m te konn sòti nan pòtay lavil la, pou m te gen chèz mwen sou plas la.


Etranje a pa t rete deyò; mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.


Sila ki chita nan pòtay yo pale afè mwen, e moun sòt yo fè chan sou mwen.


“Se te menm jan ke sa te rive nan jou Lot yo; yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.


Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.


Alò Boaz te monte nan pòtay la e te chita la. Konsa, fanmi pwòch a sila Boaz te pale a t ap pase. Epi li te di: “Vire akote, zanmi m; vin chita la!” Epi li te vire akote e te chita.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite