Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 2:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Konsa, Bath-Schéba te ale kote Wa Salomon pou pale avèk li pou Adonija. Epi wa a te leve pou rankontre li. Li te bese devan l, e te chita sou twòn li an. Li te fè yo ranje yon twòn pou manman a wa a, e li te chita bò kote men dwat li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Se konsa Batcheba al pale ak wa Salomon pou Adonija. Wa a leve kanpe, li vanse al kontre manman li. Li bese tèt byen ba devan li pou salye li. Apre sa, l'al chita sou fòtèy li, epi li bay lòd pou yo pote yon lòt fòtèy pou manman li chita adwat li.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 2:19
9 Referans Kwoze  

Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè.


Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an.


Bath-Schéba te di li: “Trè byen; mwen va pale avèk wa a pou ou.”


SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”


Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo. Sou men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a.


Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.


“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


“‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.


Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite