Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 33:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Men li menm te pran devan yo. Li te bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Li menm, li pran mache devan yo tout. Li bese tèt li jouk atè pandan sèt fwa, jouk li rive toupre Ezayi, frè li a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 33:3
12 Referans Kwoze  

Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.


Li te mete sèvant li yo devan, Léa avèk pitit li yo dèyè yo, e Rachel avèk Joseph an dènye.


Alò, Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin bese ba devan li avèk figi yo atè.


Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te bese atè devan li.


Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè.


Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou. Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an, ale desann pou jennen vwazen ou an.


Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans.


“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”


Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.


Nenpòt lè L fè soti tout sa ki pou li yo, li ale devan yo, e mouton yo swiv li, paske yo rekonèt vwa li.


Sila ki te gen vant plen yo vin vann tèt yo pou achte pen, men sila ki te grangou vin satisfè. Menm sila ki te esteril la fè sèt pitit, men Sila ki te fè anpil pitit la vin sispann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite