Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”
Ebre 13:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen pou nou di avèk konfyans: “Senyè a se soutyen mwen. Mwen p ap pè. Sa lòm ka fè m?” 1998 Haïtienne Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se sa ki fè nou pa bezwen pè di: “Senyè a se sekou mwen. Poutèt sa, nou kapab di ak fòs: Ki sa lèzòm ka fè m?” |
Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”
Pa kache figi Ou de mwen. Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou. Se Ou ki konn sekou mwen. Pa abandone mwen, ni kite m sèl, O Bondye delivrans mwen an.
Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, kite SENYÈ a toujou sonje mwen. Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen. Pa fè reta, O Bondye mwen an.
Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li! Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
Lòt la te nonmen Eliézer, paske li te di: “Bondye a papa m nan te ed mwen, e Li te delivre m anba nepe Farawon.”
Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.
“Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la, nou menm mesye Israël yo. Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a. “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.
Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la, ki monte sou syèl yo pou rive ede nou, e ki travèse syèl yo nan majeste Li.
Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”
Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
Konsa, li te di li: “Pa pè, paske men Saül, papa m nan, p ap jwenn ou. Ou va wa sou Israël e mwen va bò kote ou; epi Saül, papa m, konnen sa tou.”