8 Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.
8 Se Senyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.
Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.
Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a, Kreyatè syèl la ak tè a.
Sekou m sòti nan SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.
Ke SENYÈ a beni ou soti nan Sion, Sila ki te fè syèl la avèk tè a.
Yo te pliye e yo te tonbe, men nou te leve e nou te kanpe dwat.
‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,
Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann,