Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 124 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.

1 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, kite Israël di koulye a,

2 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, lè lezòm te leve kont nou yo,

3 Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan, lè kòlè yo te limen kont nou an.

4 Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt. Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.

5 Nan lè sa a, dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.

6 Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo.

7 Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo ki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo. Pèlen an fin kase e nou chape.

8 Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite