Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 15:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Senyè a ki t'ap pale avè l. Senyè a di l konsa: — Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 15:1
65 Referans Kwoze  

Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”


Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”


Bondye te tande jènjan an t ap kriye, epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la. Li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a.


Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke Bondye te fè Abraham pase yon eprèv. Li te di li: “Abraham!” Epi li te reponn: “Men mwen”.


Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor:


SENYÈ a te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”


Malgre sa, papa nou te twonpe mwen, e li te chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj.


Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila mwen twouve pwotèj la; boukliye e kòn delivrans mwen, sitadèl mwen ak refij mwen. Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.


Zanj SENYÈ a te di a Élie: “Ale desann avèk li. Pa pè li.” Pou sa, li te leve e te desann avèk li kote wa a.


Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske ke tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.


O lakay Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a; Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.


Ou se kote a pou m kache a ak boukliye mwen, Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.


Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen, pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”


SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.


SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?


Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.


Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen; Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan


Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ, Ou ki antoure li avèk gras Ou, tankou yon boukliye.


pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo. Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”


Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.


Gade byen boukliye nou an. Gade sou vizaj onksyone Ou a.


Li va kouvri ou ak plim Li yo. Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj. Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.


Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè.


Mechan an ranmase salè li nan koken; men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.


“Tout pawòl Bondye pase a leprèv; Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.


Pale a sila ki gen kè twouble yo, “Pran kouraj! Pa pè! Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. Rekonpans Li an va rive. Li va vini, e Li va sove nou.”


Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini ak pwisans. Se bra L k ap kòmande pou Li. Gade byen salè Li avè L, e rekonpans li devan L.


Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.


“Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la, nou menm mesye Israël yo. Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a. “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.


Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob, e Sila ki te fòme ou a, O Israël: “Pa pè, paske Mwen te rachte ou. Mwen te rele ou pa non ou. Se pa M ou ye!


Pa pè, paske Mwen avèk ou; Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès e ranmase ou nan lwès.


Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a, ki te fòme ou soti nan vant lan, ki va bay ou soutyen, kap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an; ak ou menm Israël ke M te chwazi a.


Pa tranble, pa pè. Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm e te demontre nou sa? Konsa, nou se temwen M. Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm? Anverite, nanpwen! Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”


“Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?


Men mwen va delivre ou nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Ou p ap livre nan men a moun sa yo ke ou pè yo.


“SENYÈ a se pòsyon mwen.” Se sa nanm mwen di m. Konsa, mwen mete espwa m nan Li.


Alò, li te vin rive nan trèzyèm ane, sou senkyèm jou a Katriyèm mwa a, pandan mwen te akote rivyè Kebar a, pami egzile yo, ke syèl yo te louvri, e mwen te wè vizyon a Bondye.


Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo. Se konsa vizyon mwen te wè a, te kite mwen.


Konsa, Li te di mwen: “Fis a lòm, ale lakay Israël pou pale pawòl Mwen yo avèk yo.


Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv.


SENYÈ a te di a Aaron: “Ou p ap gen okenn eritaj nan peyi a ni posesyon okenn pati pami yo. Mwen se pati pa ou ak eritaj ou pami fis Israël yo.


Pòt pawòl a sila ki koute pawòl a Bondye yo, ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe, men zye li gen tan vin debouche.


Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a.


Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.


Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean.


Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye.


“Pa krent, ti bann nan, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.


Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”


sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen de nou menm.


Yo pa pou gen eritaj pami Izrayelit parèy yo. SENYÈ a se eritaj pa yo, jan Li te pwomèt yo a.


Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.


Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.


Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a,


Ke SENYÈ a kapab bay ou rekonpans pou travay sa a, e ke salè ou ki sòti nan SENYÈ a vin plen nèt; Li menm Bondye a Israël la, anba zèl a sila ou te vini mande refij la.”


Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Samuel e te di:


(Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la, lontan, te konn rele divinò.)


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite