Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon sòm David

1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?

2 Lè malfektè yo te rive sou mwen pou yo ta devore chè m, advèsè mwen yo ak lènmi m yo te chape tonbe.

3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè. Malgre lagè leve kont mwen, malgre sa, m ap gen konfyans.

4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.

5 Paske nan jou twoub la, Li va kache mwen nan tabènak Li. Nan plas sekrè kote tant Li an ye a, se la Li va fè m kache. Li va leve mwen sou yon wòch.

6 Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo sou lènmi m ki antoure m yo. Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa. Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.

7 Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m. Fè m gras e reponn mwen.

8 Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”, kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ, se li mwen va chache.”

9 Pa kache figi Ou de mwen. Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou. Se Ou ki konn sekou mwen. Pa abandone mwen, ni kite m sèl, O Bondye delivrans mwen an.

10 Paske papa m ak manman m te abandone mwen, Men SENYÈ a va ranmase mwen.

11 Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ. Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.

12 Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo, paske fo temwen yo vin leve kont mwen, sila k ap respire vyolans yo.

13 Mwen toujou gen konfyans sa a: ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.

14 Tann SENYÈ a. Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj. Wi, tann SENYÈ a.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite