Sòm 92:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a, pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a, 1998 Haïtienne (2) Sa bon nèt pou nou di Senyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la. |
Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
Louwe SENYÈ a! Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an. Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.
Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M, epi a sila ki fè chemen li dwat la, Mwen va montre li sali Bondye a.”
Mwen va bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa. Mwen va mete espwa nan non Ou, paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.
Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou. Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.
Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen. Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen, Pou m kab pale tout zèv Ou yo.
Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a.
Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.