Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 13:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Nou pa dwe janm sispann ofri sakrifis nou bay Bondye pa mwayen Jezikris. Sakrifis sa a, se lwanj k ap soti nan bouch k ap selebre non Bondye.

Gade chapit la Kopi




Ebre 13:15
42 Referans Kwoze  

Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.


Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la.


Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.


Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.


Epi de koral yo te kanpe nan pozisyon yo lakay Bondye a, e mwen menm tou, avèk mwatye ofisye ki te avè m yo;


Nan jou sa a, yo te ofri gran sakrifis e te rejwi paske Bondye te bay yo gwo lajwa. Fanm yo ak timoun yo tou te rejwi, jiskaske lajwa Jérusalem nan te tande byen lwen.


Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen. Mwen va antre nan yo. Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.


O aksepte ofrann bòn volonte a bouch mwen an, O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo.


Pou sa, mwen va bay remèsiman a Ou menm pami nasyon yo, O SENYÈ, epi mwen va chante lwanj a non Ou.


Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman e peye ve ou yo a Pi Wo a.


Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M, epi a sila ki fè chemen li dwat la, Mwen va montre li sali Bondye a.”


Mwen kreye fwi a lèv yo: “Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo, ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di: “Epi Mwen va geri yo.”


vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.


Konsa, prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’”


Pran avèk ou menm pawòl yo, pou retounen kote SENYÈ a. Di Li: “Retire tout inikite nou yo, e resevwa nou ak gras Ou, pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.


Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil.


yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;


Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo.


Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”


“Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.


Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.


Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.


M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon.


Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a.


pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a.


Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent.


Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite