Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 13:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Pa bliye fè sa ki byen. Sonje pataje sa n genyen. Paske se kalite sakrifis sa yo Bondye renmen.

Gade chapit la Kopi




Ebre 13:16
22 Referans Kwoze  

Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.


Konsa, Ou va rejwi nan sakrifis ladwati yo, nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo. Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.


Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”


sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.


Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.


Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.


Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.


Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.


Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.


Sepandan, nou te fè byen pou pataje avè m nan soufrans mwen an.


Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi.


Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.


Men pou nou, frè m yo pa fatige nan fè sa ki bon.


Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje.


Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la.


Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo.


Zanmi mwen yo pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite