3 Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon. Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.
3 Fè lwanj Senyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.
Paske Bondye bon. Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, e fidelite Li a tout jenerasyon yo.
Louwe SENYÈ la! O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon, paske lanmou dous Li an se pou tout tan.
O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.
Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon. Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Ou bon e Ou fè sa ki bon. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Louwe SENYÈ a! Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an. Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.
Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo! Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.
Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès, e bouch mwen ap ofri lwanj avèk lèv ranpli de jwa.
Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”