Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 52 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.”

1 Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.

2 Lang ou envante destriksyon, tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.

3 Ou renmen mechanste plis pase sa ki bon. Fo bagay plis pase pale verite a.

4 Ou renmen tout pawòl ki devore, yon lang mantè.

5 Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan

6 Moun dwat yo va wè, va gen lakrent; yo va ri sou li epi di:

7 “Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”

8 Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye. Mwen mete konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a pou tout tan e pou tout tan.

9 Mwen va bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa. Mwen va mete espwa nan non Ou, paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite