Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 82 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm Asaph

1 Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. Li fè jijman nan mitan dye yo.

2 Pou konbyen de tan nou va jije san jistis, e montre favè a mechan yo?

3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo. Fè jistis a aflije ak malere yo.

4 Sove fèb yo ak malere yo. Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”

5 Yo pa konnen ni yo pa konprann. Yo mache toupatou nan fènwa. Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.

6 Mwen te di: “Se dye ke nou ye, e nou tout se fis a Pi Wo a.

7 Sepandan, nou va mouri tankou moun, e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”

8 Leve, O Bondye, jije tè a! Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite