Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè. Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont yo tankou se avèk yon manto.
Sòm 70:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye. Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè. 1998 Haïtienne (3) Moun k'ap chache touye m yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont. |
Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè. Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont yo tankou se avèk yon manto.
O SENYÈ, mwen rele non Ou. Fè vit! Vin kote m! Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!
Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.
Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e dezonere. Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen Vire do fè bak plen imiliyasyon.
Kite sila yo vin wont e imilye ansanm, sila ki chache lavi mwen pou detwi li. Kite sila yo vire fè bak e dezonore, sila ki pran plezi nan fè m mal yo.
Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt. Yo va vire fè bak sibitman. Yo va vin wont anpil.
Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt. Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap chache blese mwen.
Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye.
Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo va vin wont e dezonore. Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi se pa anyen e yo va peri.