Sòm 70 - Bib Sen An: Kreyòl AyisyenPou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni 1 O Bondye, fè vit pou delivre mwen. O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou! 2 Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye. Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè. 3 Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo. 4 Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan: “Kite Bondye egzalte”. 5 Men mwen aflije e mwen nan nesesite. Fè vit vin kote mwen, O Bondye! Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. O SENYÈ, pa mize. |
Copyright © 2017-2023 Ron Smith
eBible.org