Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 22:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Anpil towo vin antoure m. Towo fò a Basan yo te ansèkle m.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 (13) Lemni m yo anpil, yo sènen m toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m vire yo la.

Gade chapit la Kopi




Sòm 22:12
14 Referans Kwoze  

Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans O SENYÈ, pa rete lwen m.


Fè vit pou ede mwen, O SENYÈ, delivrans mwen an!


Kite sila yo vin wont e imilye ansanm, sila ki chache lavi mwen pou detwi li. Kite sila yo vire fè bak e dezonore, sila ki pran plezi nan fè m mal yo.


Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a, twoupo towo yo avèk ti bèf a pèp yo. Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo. Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.


Rale nanm mwen pre. Rachte l! Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!


O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa, si gen enjistis nan men m,


Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye. Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè.


Anplis, bèf mawon va desann ak yo, ak jenn towo, ak towo pwisan yo. Konsa, peyi yo va tranpe ak san, e pousyè yo va vin gra ak grès.


“Akoz nou kontan, akoz nou ap fete, o nou menm ki te konn piyaje eritaj Mwen an; akoz nou fè sote tankou yon jenn gazèl k ap foule sereyal; epi ki vin ranni kon jenn poulen,


Nou va manje chè a mesye pwisan yo, e bwè san a prens latè yo, konsi se te belye, jenn mouton, kabrit, ak towo, tout bèt gra a Basan yo.


Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.


“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite