13 Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen, tankou yon lyon voras k ap rele fò.
13 (14) Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen.
Yo te gade m, bouch yo louvri. Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz; yo te oganize yo menm kont mwen.
Se tankou yon lyon ki anvi devore, tankou yon jenn lyon k ap kache nan fènwa.
Fè m sekou soti nan bouch a lyon an, soti sou kòn a bèf mawon. Wi, Ou menm te reponn mwen.
Tout moun ki wè m vin moke mwen. Yo separe avèk lèv yo e yo souke tèt yo pou di:
SENYÈ, jiskilè Ou va kontinye gade bagay sa a konsa? Sove nanm mwen kont ravaj yo, Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.
Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen. Yo te di: “Men li, men li, zye nou te wè l!”
sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon, epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou. Yo sifle anlè kon koulèv. Yo fwote dan yo. Yo di: “Nou te vale l nèt! Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan. Nou gen tan jwenn li. Nou gen tan wè l.”
Tout lènmi nou yo te ouvri bouch yo laj kont nou.
Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.