Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 22:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre. Paske nanpwen moun ki pou ede m.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 (12) Pa rete lwen m konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pèsonn pou ede m.

Gade chapit la Kopi




Sòm 22:11
18 Referans Kwoze  

Paske SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël.


Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?


Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans O SENYÈ, pa rete lwen m.


Pa abandone m, O SENYÈ. O Bondye m nan, pa rete lwen m!


Rale nanm mwen pre. Rachte l! Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!


O Bondye, pa rete lwen mwen. O Bondye m, fè vit a sekou mwen!


Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt. Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m. Tout tan se Ou menm ke m louwe.


Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou; aflije a tou, lè l san soutyen an.


Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede; Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen. Akoz sa pwòp bra M te pote Sali Mwen e kòlè Mwen te fè M kanpe.


Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.


Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”


Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!” Imedyatman, kòk la te chante.


Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.


Paske SENYÈ a va jije pèp Li a. Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo, lè Li wè fòs yo fin disparèt, ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.


Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite