Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 71:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt. Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap chache blese mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Se pou moun k'ap atake m yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 71:13
12 Referans Kwoze  

Jwif yo te rasanble nan vil pa yo toupatou nan pwovens a Wa Assuérus yo pou mete men yo sou sila ki te chache fè yo mal yo. Konsa, pa t genyen moun ki te kab kanpe devan yo, paske perèz yo te vin tonbe sou tout moun nan pèp yo.


Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè. Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont yo tankou se avèk yon manto.


Lènmi li yo, Mwen va abiye yo ak wont. Men sou li menm, kouwòn li an va briye.”


Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.


Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e dezonere. Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen Vire do fè bak plen imiliyasyon.


Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt. Yo va vire fè bak sibitman. Yo va vin wont anpil.


Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.


Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen. Paske yo wont, yo imilye, Sila ki te chache fè m mal yo.


Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo va vin wont e dezonore. Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi se pa anyen e yo va peri.


Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.


Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite