12 O Bondye, pa rete lwen mwen. O Bondye m, fè vit a sekou mwen!
12 Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m sekou.
Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.
Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre. Paske nanpwen moun ki pou ede m.
Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen! Ou menm, sekou mwen, fè vit, vin rive ede m!
Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans O SENYÈ, pa rete lwen m.
Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen. Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.
Rale nanm mwen pre. Rachte l! Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!
Men mwen aflije e mwen nan nesesite. Fè vit vin kote mwen, O Bondye! Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. O SENYÈ, pa mize.