Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”
Sòm 5:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo. Fè chemen Ou dwat devan mwen. 1998 Haïtienne (9) Senyè, mwen gen anpil lènmi k'ap veye m. Pran men m pou m ka fè sa ki dwat devan ou. Fè m wè chemen ou mete devan m lan, fè m wè l aklè. |
Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”
Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a, e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a; Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ. Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.
Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache. Pa janm kite mwen vin wont. Nan ladwati Ou, delivre mwen.
Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m. Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.
Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. Mwen va mache nan verite Ou. Fè kè m dispoze pou krent non Ou.
Dlo te antoure mwen jiskaske m rive nan pwen lanmò. Gwo pwofondè a te vale mwen; zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.
Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: “Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan, Prepare chemen Bondye a! Fè chemen Li yo dwat”!
epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.