Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 138 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm David

1 Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m. Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.

2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a, e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a; Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.

3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.

4 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.

5 Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a, paske gran se glwa SENYÈ a.

6 Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe sila ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen.

7 Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub, Ou va fè m reprann mwen. Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo. Men dwat Ou va sove mwen.

8 SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an. Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan. Pa abandone zèv men Ou yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite