Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 119:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou. Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo.

Gade chapit la Kopi




Sòm 119:10
25 Referans Kwoze  

Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.


Ou te rejte tout sila ki te egare kite règleman Ou yo, paske sediksyon yo a pa reyisi.


Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou, e pa kite inikite vin domine sou mwen.


Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.


A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo, Ki chache Li ak tout kè yo.


Ou repwoche ògeye yo, moun madichonnen yo, k ap egare kite kòmandman Ou yo.


Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou. Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.


Mwen te chache favè Ou ak tout kè m. Fè m gras selon pawòl Ou.


Awogan yo te fòje yon manti kont mwen. Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.


Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk sila ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.


Li restore nanm mwen. Li gide mwen nan chemen ladwati yo, akoz non sen Li an.


Paske kè yo pa t fèm vè Li menm, ni yo pa t fidèl selon akò Li.


Kont sila ki kite chemen ladwati yo pou mache nan chemen fènwa yo;


Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan, va jwenn repo nan asanble mò yo.


Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.


Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.


Bann mouton Mwen an te mache egare nan tout mòn yo, ak sou tout wo kolin yo. Bann mouton Mwen an te gaye sou tout sifas tè a, e pa t gen moun pou ale jwenn yo, ni chache yo.”


Kè yo vin divize. Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo. SENYÈ a va kraze lotèl yo. Li va detwi pilye sakre yo.


“Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.


Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a.


Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt renmen lemonn, lamou Papa a pa reste nan li.


Konsa Samuel te pale a tout lakay Israël la, e te di: “Si nou retounen vè SENYÈ a avèk tout kè nou, si nou retire dye etranje yo avèk Asheroth soti nan mitan nou, si nou dirije kè nou vè SENYÈ a, e sèvi Li sèl, Li va delivre nou soti nan men a Filisten yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite