Sòm 42:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan, Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye. 1998 Haïtienne (2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. |
Mwen te louvri bouch mwen byen laj e te rale souf mwen byen vit. Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.
O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou. Zansèt nou yo te pale nou travay ke Ou te fè nan jou pa yo, nan jou ansyen yo.
Kè m debòde avèk yon bèl sijè. Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a. Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.
Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.
Alò, Koré, fis a Jitsehar, ansanm avèk Dathan ak Abiram, fis a Éliab avèk On, fis a Péleth, fis a Ruben yo, te pran desizyon. Yo te pran moun avèk yo,
Konsa, latè te louvri bouch li e te vale yo nèt avèk moun lakay yo, ak tout mesye ki te apatyen a Koré avèk tout byen yo.