Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 87 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm a fis a Koré yo; Yon Chan

1 Fondasyon Li nan mòn sen yo.

2 SENYÈ a renmen pòtay Sion yo plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.

3 Yo pale sou gran mèvèy ou, O gran vil Bondye. Tan

4 Mwen va mete Rahab avèk Babylone pami sila ki rekonèt Mwen yo. Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie: “Tèl moun te fèt la”.

5 Men selon Sion, li va pale, “Sa a ak sila a fèt ladann.” Pi Wo a, Li menm, va etabli Sion.

6 SENYÈ a va konte lè Li anrejistre tout pèp yo: “Sa a te fèt la”. Tan

7 Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di: “Tout sous bwote yo, se nan ou”.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite