Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 87:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Fondasyon Li nan mòn sen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (1b) Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!

Gade chapit la Kopi




Sòm 87:1
17 Referans Kwoze  

Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an.


Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti?


Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!


Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan, Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.


Poukisa nou gade ak anvi, O tout lòt mòn yo? Sou mòn ke Bondye te apwente konn abitasyon Li an? Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.


Li te bati sanktiyè Li tankou wotè mòn yo, tankou latè ke Li te etabli jis pou tout tan an.


Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.


Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm.


menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an, e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an. Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an; paske kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”


Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”


Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li.


Epi nou menm te tande pawòl sa yo, fèt depi nan syèl la, lè nou te avèk Li sou mòn sen an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite