Sòm 47 - Bib Sen An: Kreyòl AyisyenPou direktè koral la; Yo Sòm pa fis Koré yo. 1 O bat men nou ansanm, tout pèp yo. Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa. 2 Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a. 3 Li fè soumèt pèp yo anba nou, ak nasyon yo anba pye nou. 4 Pou nou menm, Li chwazi eritaj nou, glwa la a Jacob, ke Li renmen an. Tan 5 Bondye te monte avèk yon gwo rèl, SENYÈ a avèk son twonpèt la. 6 Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo! Chante lwanj Wa nou an, chante lwanj yo! 7 Paske Bondye se Wa a tout tè a. Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl. 8 Bondye regne sou nasyon yo. Bondye chita sou twòn wayal Li a. 9 Prens a pèp yo rasanble yo ansanm, pèp a Bondye Abraham nan. Paske tout boukliye sou latè yo se pou Bondye. Li leve byen wo. |
Copyright © 2017-2023 Ron Smith
eBible.org