Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 48 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.

1 Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.

2 Bèl nan wotè li, jwa tout latè a, se Mòn Sion nan pati nò a, Vil gran Wa a.

3 Bondye te parèt nan sitadèl li yo. La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon refij.

4 Men gade, wa yo te rasanble yo. Yo pase akote vil la ansanm.

5 Yo te wè li, e yo te etone. Yo te sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.

6 La, yo pèdi ekilib yo nèt. Doulè ak sezisman te pran yo tankou fanm k ap akouche.

7 Avèk van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.

8 Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè, nan vil SENYÈ dèzame yo, nan vil Bondye pa nou an. Bondye va etabli li nèt, jis pou tout tan.

9 Nou te reflechi sou lanmou dous Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.

10 Jan non Ou ye a, O Bondye, Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a; Men dwat Ou plen ladwati.

11 Kite Mòn Sion fè kè kontan! Kite fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.

12 Mache toupatou nan Sion e antoure li. Konte fò wo li yo.

13 Konsidere ranpa li yo. Antre nan palè li yo, pou ou kab pale jenerasyon k ap vini an.

14 Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan. Li va gide nou jiska lanmò.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite