Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te mete kouwòn nan sou tèt li, avèk temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!”
Paske konsa pale SENYÈ a: “Chante anlè ak kè kontan pou Jacob, e kriye fò pami chèf nasyon yo. Pwoklame, bay lwanj epi di: ‘O SENYÈ sove pèp Ou a, retay Israël la!’
‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”
Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.
Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.” “Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!”