“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.
Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande: “Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.” Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.
Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.
Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”