Sòm 27:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz? 1998 Haïtienne (1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble? |
Se nan SENYÈ a ke m kache. Kijan ou kapab di a nanm mwen: “Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;
Paske avèk Ou, mwen kapab kouri sou yon ekip lame. Avèk Bondye mwen, mwen kab vòltije sou yon mi.
Kite pawòl bouch mwen a avèk refleksyon kè m vin akseptab devan zye Ou, O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
Paske Ou se Bondye fòs mwen an. Poukisa Ou rejte m? Poukisa mwen fè dèy akoz opresyon a lènmi an?
Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
“SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen. Sa se Bondye pa m, e mwen va louwe Li; Bondye a papa m nan, e mwen va leve Li wo.
Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”
Yo va di de Mwen: ‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’” Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te fè laràj kont Li va vin wont nèt.
Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an, paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. Li te vlope m nan yon manto ladwati, tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.
Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.
Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”
Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
nou pa pou pè yo. Nou va byen sonje sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout Égypte:
Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.
Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.
Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.
Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”