Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 118:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè. Kisa lòm kab fè m?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Senyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m?

Gade chapit la Kopi




Sòm 118:6
20 Referans Kwoze  

pou nou di avèk konfyans: “Senyè a se soutyen mwen. Mwen p ap pè. Sa lòm ka fè m?”


Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?


Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li! Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?


Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?


Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a. Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.


Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.


“Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?


Malgre mwen ta mache nan vale lonbraj lanmò a, mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan


A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,


Bondye se pwotèj nou ak fòs nou, yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.


Lè Saül avèk tout Israël te tande pawòl a Filisten an, yo te sezi e pè anpil.


Epi David te di: “SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.” Konsa, Saül te di a David, “Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”


Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo. Tout panse yo kont mwen se pou mal.


Nan Bondye, ma louwe pawòl li. Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.


Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye. Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.


Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo? Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?


Kè li kanpe janm. Li pa pè anyen, jiskaske denyè moman an lè li gade ak kè kontan advèsè li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite