Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la; yon sòm David

1 Syèl yo ap pale glwa Bondye a. Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.

2 Jou apre jou, l ap pale san rete; Nwit apre nwit, li revele konesans.

3 Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl kote nou pa tande vwa yo.

4 Sepandan, eko yo retanti sou tout latè, ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a. Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,

5 ki tankou yon jennonm ki fenk marye k ap sòti nan chanm li. Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.

6 Li leve soti nan yon pwent syèl, pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan. Anyen pa chape devan chalè li.

7 Lalwa SENYÈ a pafè Li rekonfòte nanm. Temwayaj SENYÈ a vrè, k ap fè saj yo senp.

8 Prensip a SENYÈ yo dwat, ki fè kè rejwi. Kòmandman SENYÈ a san tach. Li fè zye yo limen.

9 Lakrent SENYÈ a pi; Li dire jis pou tout tan. Jijman yo SENYÈ a vrè; Yo jis san manke.

10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen. Yo pi dous pase myèl, pase siwo a ki tonbe nan gato myèl la.

11 Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a resevwa avètisman pou fè atansyon. Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.

12 Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.

13 Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo. Pa kite yo vin domine m. Konsa, mwen kab rete san fot, epi va inosan a gran peche.

14 Kite pawòl bouch mwen a avèk refleksyon kè m vin akseptab devan zye Ou, O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite