Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Egzòd 15:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen. Sa se Bondye pa m, e mwen va louwe Li; Bondye a papa m nan, e mwen va leve Li wo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Senyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 15:2
64 Referans Kwoze  

Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”


SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen. Li te vin sali mwen.


SENYÈ a viv! Beni se wòch mwen an. Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.


A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm. Paske Bondye se sitadèl mwen, Bondye ki montre mwen lanmou dous la.


O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.


O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an, Ou te kouvri tèt mwen nan jou batay la.


Egzalte SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan mon sen Li an, paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!


Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di: “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo, O Senyè, Bondye Toupwisan an! Jis e vrè, se chemen Ou yo, Wa a nasyon yo.


epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.


Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman; Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.


Leve wo SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan machpye twòn Li an. Se sen ke Li ye.


O leve SENYÈ a byen wo avè m. Annou leve non L wo ansanm.


Se Li menm ki lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè.


Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.” Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.


Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.


“Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”


Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.


SENYÈ a vivan! Beni, se wòch mwen an! Egzalte, se Bondye, wòch sali mwen an.


Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè.


Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an.


Nan Li menm, nou osi ap vin bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.


Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”


O Bondye lwanj mwen an, pa rete an silans!


SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?


Alò, nyaj la te kouvri tant reyinyon an, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.


Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: “Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an.


Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.


Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.


Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.


Paske zye m gen tan wè delivrans Ou,


pou bay pèp Li a konesans a sali a, pou padon peche pa yo.


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo;


“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


Anverite, soutyèn kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël.


Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?


Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan. Ou p ap vin wont, ni imilye jiska letènite.


jiskaske m jwenn yon kote pou SENYÈ a, yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.


Bondye pou nou se yon Bondye delivrans. Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.


Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen. Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.


SENYÈ a se fòs yo. Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.


Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen. Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.


Sepandan, Ou sen; Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.


Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!


Mwen te vrèman bati pou Ou yon kay byen wo, yon plas pou Ou ta abite jis pou tout tan.”


Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a, ki montre lanmou dous a onksyone pa Li a, Menm a David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”


“Ale e pale a sèvitè Mwen an, David: ‘Se konsa SENYÈ a pale, “Èske se ou menm ki ta dwe bati yon kay pou Mwen ta vin rete ladann?


“Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.


Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik.


Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ.


Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale, ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an. O nanm mwen mache avanse ak fòs.


Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan. Li va gide nou jiska lanmò.


Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a, pou sali pèp onksyon Ou an. Ou te frape tèt peyi mechanste an. Ou te ekspoze li nèt, depi nan kwis li pou rive nan kou l. Selah.


“‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.


Paske Ou te etabli pou kont Ou, pèp Ou a, Israël kòm pèp Ou pou tout tan, e Ou menm, O SENYÈ a te devni Bondye pa yo.


Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila mwen twouve pwotèj la; boukliye e kòn delivrans mwen, sitadèl mwen ak refij mwen. Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.


Li se SENYÈ a, Bondye nou an. Jijman pa Li yo sou tout latè.


Mwen va bay Ou remèsiman, paske Ou te reponn mwen, e Ou te vin sali mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite