Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”
Sòm 22:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo. 1998 Haïtienne (3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi. |
Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”
Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.
Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?
Se te nan lè sa yo ke Li te kon ale nan mòn nan pou priye. Li te pase tout nwit lan nan lapriyè ak Bondye.
Antretan lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab konplete sa ki manke nan konnesans lafwa nou.
Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen