Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 42:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 (4) Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki sòti nan je m ki sèvi m manje. Se tout tan moun ap mande m: — Kote Bondye ou la?

Gade chapit la Kopi




Sòm 42:3
16 Referans Kwoze  

Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?” Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou, ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.


Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo a ye koulye a?”


Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, kriye antre galri a ak lotèl la, kite yo di: “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, yon vye mò pami nasyon yo. Poukisa nasyon yo ta dwe di: “Kote Bondye Yo a ye?”


Paske mwen te manje sann kon pen e mele bwason m ak dlo zye m,


Ou te bay yo pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo. Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.


Se tankou tout zo mwen yo kraze, jan advèsè mwen yo anmède mwen, pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye Ou a”?


Answit, lènmi m va wè sa, e gwo wont va kouvri fi la ki te di m: “Kote SENYÈ Bondye ou a?” Zye m va gade fi sa a. Epi konsa, nan lè sa a, li va vin foule anba pye tankou kras labou nan lari.


Fè remet a vwazen nou yo, sèt fwa antre nan vant yo, repwòch avèk sila yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.


Li mete konfyans nan SENYÈ a. Kite Li menm delivre li. Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.


Anpil moun pale de nanm mwen, “Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.” Tan


Petèt SENYÈ a va gade afliksyon mwen e remete m bon olye madichon pa sila a nan jou sa a.”


Twa fwa pa lane tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ Bondye a.


Paske se kilès ki fèt avèk chè ki tande vwa a Bondye vivan an k ap pale nan mitan dife a, tankou nou, e ki viv?


Konsa, mwen te wè Ou nan sanktiyè a, ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.


Zwazo a osi te twouve yon kay, e iwondèl la yon nich pou li menm, kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo, Oh Wa m ak Bondye m.


Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite