44 Ou te kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakolè, pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.
44 Ou vlope kò ou nan yon gwo nyaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou.
O Bondye dèzame yo, pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?
Ou te bay yo pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo. Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.
Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li. Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.
Pou sa, SENYÈ a te di m: “Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a.
Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt!
Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an ak yon nwaj nan kòlè li! Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la. Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.
Menm lè m kriye e rele sekou, Li fèmen lapriyè m deyò.
Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo.