Sòm 16:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm. 1998 Haïtienne Mwen toujou mete Senyè a devan je m. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m. |
Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab. Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.
Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
Pou jiskilè, nou va atake yon nonm? Alò, èske nou ta touye li, nou tout, tankou yon miray k ap panche? Tankou yon kloti k ap kraze?
Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye. Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.
Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit, men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la.