Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 110 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm David

1 SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”

2 SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di: “Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.

3 Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.

4 SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L: “Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”

5 SENYÈ a sou men dwat ou. Li va kraze wa yo nan jou kòlè Li a.

6 Li va jije pami nasyon yo. Li fè gwo pil kadav yo, Li va brize tèt a chèf tout latè a.

7 Li va bwè nan flèv pandan L an wout; konsa, Li va leve tèt Li wo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite