Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 121 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon Sòm pou monte vè tanp lan

1 Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti?

2 Sekou m sòti nan SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.

3 Li p ap kite pye ou chape. Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.

4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.

5 SENYÈ a se gadyen ou. SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.

6 Solèy p ap frape ou lajounen, ni lalin pandan lannwit.

7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal. Li va kenbe nanm ou.

8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite