Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 139:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab. Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Si m ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.

Gade chapit la Kopi




Sòm 139:18
11 Referans Kwoze  

Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.


Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a; mwen va satisfè avèk vizaj Ou lè m ouvri zye m.


Mwen te kouche e dòmi; mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.


Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. Inikite mwen yo te fin pran m nèt jiskaske mwen pa t kab wè. Yo plis pase cheve sou tèt mwen. Kè m fin fè fayit.


Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, se mèvèy ke Ou te fè yo, ak panse Ou yo anvè nou. Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, yo ta vin twòp pou m ta kab konte.


Sakrifis avèk ofrann sereyal, Ou pa t dezire yo. Ou te ouvri zòrèy mwen. Ofrann brile avèk ofrann peche yo, Ou pa t mande yo.


Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.


Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.


Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite