Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la; Yon sòm David

1 O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!

2 Ou te bay li dezi a kè li, ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.

3 Paske Ou te vin rankontre Li avèk benediksyon de tout bon bagay. Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.

4 Li te mande Ou lavi e Ou te bay li. Yon vi ki long ak jou k ap dire jis pou tout tan.

5 Glwa li gran nan sali pa Ou. Onè ak majeste Ou te mete sou li.

6 Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan; Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.

7 Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a. Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a, Li p ap ebranle menm.

8 Men ou va dekouvri tout lènmi ou yo. Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.

9 Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou. SENYÈ a va vale yo nèt nan kòlè Li, epi dife va devore yo.

10 Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè, epi desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.

11 Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, e te fòme yon konplo, yo p ap reyisi.

12 Paske Ou va fè yo vire do yo. Ou va pwente banza sou figi yo ak bon kontwòl.

13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ, ak tout fòs Ou! Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite