Sòm 13:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a; Kè m va rejwi nan delivrans ou 1998 Haïtienne (6a) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m anpil. Kè m kontan, paske ou delivre mwen. |
O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen. Pa kite mwen vin wont; pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.
Anpil se tristès a mechan yo, men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a, se lanmou dous ki va antoure li.
Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye. Mwen mete konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a pou tout tan e pou tout tan.
pou m kab pale tout lwanj a Ou menm. Konsa, nan pòtay a fi Sion yo, mwen kapab rejwi nan delivrans Ou.
Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”
mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a. Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen. Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
Bèje yo te retounen e yo t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.
Kenbe nou menm nan lamou Bondye, epi toujou tan swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.
Anne te priye e te di: “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a! Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a. Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo, akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.