Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 13:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,” epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 (5) Konsa, moun k'ap pèsekite m yo p'ap ka di: Nou fini avè l! Yo p'ap gen chans wè m tonbe pou yo kontan!

Gade chapit la Kopi




Sòm 13:4
17 Referans Kwoze  

O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen. Pa kite mwen vin wont; pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.


Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.


Yon nonm p ap etabli ak mal la; men rasin moun dwat la p ap sòti menm.


Li se sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Mwen p ap ebranle menm.


Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen. Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”


Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”


Pou bagay sa yo, mwen ap kriye. Zye m koule ak dlo. Konsolatè kap refreshi nanm mwen lwen m, Nanpwen okenn ki ta ka konsole mwen, okenn ki ta ka restore nanm mwen. Pitit mwen yo vin dezole akoz ènmi an te vin genyen.


Paske li p ap janm ebranle. Moun dwat la va sonje jis pou tout tan.


Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Menm gwo sò pa p boulvèse m.


Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen. Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.


Pa kite yo di nan kè yo: “Men konsa, men sa nou pi pito a!” Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!”


Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.


Li pale a tèt li: “Bondye bliye. Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”


Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen; kite nasyon yo jije devan Ou.


Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite