Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la; yon sòm David

1 Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan? Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?

2 Pou konbyen de tan mwen va oblije depann sou pwòp konsèy tèt mwen, ak tristès nan kè m tout lajounen? Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?

3 Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen; Fè zye m wè, pou m pa mouri;

4 pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,” epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.

5 Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a; Kè m va rejwi nan delivrans ou

6 Mwen va chante a SENYÈ a, paske Li te aji ak bon kè avè m.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite