Sòm 13 - 1998 HaïtienneSÒM 13 (12) Lapriyè pou mande sekou (1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 1 (2) Konbe tan ankò w'a bliye m, Senyè? Gen lè ou bliye m nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m pa wè ou? 2 (3) Konbe tan ankò pou m soufri? Konbe tan ankò pou m gen lapenn nan kè mwen, pou m gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m yo va pilonnen m anba pye yo? 3 (4) Gade m non, Senyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m pou m pa mouri. 4 (5) Konsa, moun k'ap pèsekite m yo p'ap ka di: Nou fini avè l! Yo p'ap gen chans wè m tonbe pou yo kontan! 5 (6a) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m anpil. Kè m kontan, paske ou delivre mwen. 6 (6b) M'ap chante pou Senyè a, paske li te bon pou mwen. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society